For Immediate Release: Thursday, March 17, 2022

Rezilta Sondaj Apre-Enimerasyon Resansman 2020 an Disponib pou 50 eta (state) ak DC an Me

Press Release Number: CB22-CN.04 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

To Rapò selon Operasyon Resansman pou Nasyon an Disponib Tou

17 MAS 2022 —Biwo Resansman Etazini a anonse jodi a to kontaj an plis ak an mwens selon eta (state) ak Distri Kolonbya a yo, ki soti nan Sondaj Apre-Enimerasyon (PES, selon sig Anglè a) Resansman 2020 an yo ap pibliye an Me 2022, ki se yon dat pi bonè pase sa nou te anonse avan an (an Anglè).

Piblikasyon prentan sa a gen ladan l:

  • Estimasyon rapò pou eta (state) yo: To kontaj an plis ak an mwens ak konpozan rapò yo selon eta (state) ak Distri Kolonbya a (ki seekivalan yon eta (state)).
  • Konpozan nasyonal rapò yo (an Anglè): Enimerasyon ki korèk oswa ki gen erè nan konte a ak enpitasyon moun antye selon operasyon resansman – tankou metòd repons sou entènèt, ak suivi ak moun ki pa reponn selon tip enimerasyon k te fèt: ak yon moun nan kay la, yon vwazen ki te reponn, ak enimerasyon pa mwayen dosye administratif.

Nou pa p dechifre rezilta yo selon karakteristik demografik oswa zòn jewografik (an Anglè) anndan eta (state) a. Aprè PES 2010 la, Biwo Resansman an pa t pibliye estimasyon eta (state) pou rapò selon gwoup demografik yo. Akoz gwosè echantiyon pou PES 2020 an ak sipozisyon ki obligatwa nan fè estimasyon ki pi piti pase nivo eta (state), nou pa pakap mete estimasyon konte (county) oswa kote nan rapò PES 2020 yo.

Rès estimasyon PES yo, tankou rezilta pou inite lojman, ak to kontaj an plis ak an mwens pou Pòtoriko, pwograme pou yo pibliye nan sezon ete sa a ki ap vini.

Biwo Resansman an te pibliye premye rezilta ki soti nan PES (an Anglè) ansanm ak lòt rezilta ki soti nan Analiz Demografik (DA, selon sig Anglè a) 2020 an nan jou 10 Mas la. Premye piblikasyon rezilta PES yo te bay estimasyon pou rapò an gwo popilasyon ak selon gwoup demografik, tankou ras ak Orijin ispanik, ansanm ak gwoup laj ak sèks. Rezilta DA yo te gen ladan yo estimasyon erè nan rapò nèt selon laj ak sèks.

PES kreye yon estimasyon sou kantite moun ki ap viv nan peyi Etazini nan jou 1ye Avril 2020 (eksepte moun ki nan lojman gwoup, tankou mezon retrèt oswa dòtwa inivèsite, ak moun ki nan zòn Izole Alaska), pa mwayen yon sondaj sou yon echantiyon moun nan peyi Etazini epi fè rapò yo koresponn ak Resansman 2020 an.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye ak anons sa a. Paj Konsèy sèlman.

###

Contact


Kristina Barrett
Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
[email protected]

Page Last Revised - May 4, 2022